LEMOND/ZEN:YON MESYE PRAN CHANS MONTE NAN AVYON OFISYÈL AMERIKEN AN .

Yon mesye resi pran chans monte nan  bas militè Andrews touprè Washington jedi pase a kote estasyon avyon ofisyèl ameriken  yo ye a.

Mesye sa te monte nan avyon ofisyèl C-40 ilegal nan vèsyon militè Boeing 737 avan otorite te rele li daprè lame a mesye sa pa te gen zam sou li epi pa gen moun ki blese.

Aparèy C-40 yo ki estasyone sou bas Andrews lan itilize sèlman pou manb gouvènman ameriken ak wo responsab kongrè ou militè ki gen gwo grad yo ki  itilize lè gen yon deplasman ofisyèl.

Angeline Michel

Kredi foto:24 heure monde

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …