AYITI/SEKIRITE: YOUN NAN CHÈF FANTOM 509 YO ANBA KÒD PLIZYÈ LÒT SOLDA FANTOM TONBE EPI BLESE.

Nan yon konferans pou laprès direktè jeneral polis nasyonal peyi Dayiti a Leon Charles fè konnen yo rive mete anba kòd youn nan chèf gwoup Fantom 509 yo epi plizyè lòt sòlda tonbe epi blese nan tire ak lapolis.

Chèf polis la reyaji tou swit apre mesye FATOM 509 yo te pran lari a pou fè konnen yo la, mesye sa yo ta pral boule twa (3) machin sou wout Dèlma, yo ta pral jwenn yon gwo rezistans ak lapolis apre yo te fin touye ajan SWAT Amozart Patrick devan komisarya Kapevè a kote kat (4) nan yo Wilbert Fleurant, Walta Bichotte, Maceus Junior, epi Joseph Adam ta pral tonbe anba katouch, youn nan chèf yo ki se Reynald Courtois anba kòd.

Dg PNH la ki kalifye mesye FANTOM 509 yo de yon kansè ki anndan lapolis la ke lap demankle pou li bay polisye SWAT Amozard Patrick jistis ki tonbe anba bal pandan li tap fè travay li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …