AYITI/JISTIS: JIJ YVIKEL DABREZIL JWENN LIBERASYON LI, LÒT MOUN KI TE ANSANM AVÈK LI YO RETE NAN PRIZON.

Apre arestasyon li 7 fevriye 2021 an nan abitasyon « Petit bois » ki chita kò li nan komin Taba, Jij Yvikel Dabrezil jwenn liberasyon li nan apre midi jedi 11 fevriye 2021 an.

Jij la te akize ak plizyè lòt moun nan komin Taba nan fè konplo pou jete prezidan repiblik la Jovenel Moïse epi pou te pran plas la selon sa otorite yo te fè konnen. Jij la rive jwenn liberasyon li apre anpil pale nan laprès men lòt moun ki te ansanm avèk li yo toujou rete nan prizon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …