AYITI/JISTIS: PAKÈ PÒTOPRENS METE ENTÈDIKSYON POU PREZIDAN OPOZISYON AN PA KITE PEYI A.

Nan yon nòt pakè Potoprens voye bay direktè jeneral imigrasyon ak emigrasyon an Joseph Cianciulli li mande pou pa kite prezidan opozisyon an Joseph Mecène Jean- Louis kite peyi a.

Nòt sila ki pote dat 12 fevriye 2021 entèdi Joseph Mecène Jean Louis kite peyi a ni nan avyon ni nan machin ni nan batiman. Jij la apre akizasyon li kòm moun kap fè konplo kont « sûreté de l’Etat » tonbe anba sanksyon atik 63, 64, 65, 66 et 67 kòd penal ayisyen an.

Jij la twouve li nan sityasyon sa apre li fin aksepte pòs prezidan pou opozizyon an ki chwazi li kòm pi ansyen jij nan kou kasasyon selon sa yo fè konnen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …