AYITI/POLITIK: YON NOUVO SEKRETÈ LETA NAN KOMINIKASYON AN.

Prezidan peyi a, Jovenel Moïse nan yon arete ki soti vandredi 12 fevriye 2021 nonmen direktè kominikasyon primati a, Frantz Exantus sekretè Leta kominikasyon.

Mesye Exantus ranplase nan pòs sa Eddy Jackson Alexis ki, li menm, tap bay sèvis li nan fonksyon sila depi nan lane 2018.

Frantz Exantus, ansyen jounalis nan radyo Caraibes epi Signal, te direktè kominikasyon nan ULCC ak OAVCT anvan l te nonmen direktè kominikasyon primati nan lane 2020.

 

Jackson Junior Rinvil.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …