AYITI/MOBILIZASYON/KIDNAPIN : ETIDYAN INIVÈSITE LETA YO LEVE KANPE POU MANDE LIBERASYON KAMARAD YO TI NÈG AK ZAM KIDNAPE

Etidyan inivèsite Leta leve kanpe pou mande liberasyon kanmarad yo,tinèg nèg ak zam kidnape dimanch 21 fevriye ki sot pase a.

Etidyan inivèsite Leta yo fè gwo leve kanpe lendi 23 fevriye nan avni kristòf ak douvan fakilte etnoloji pou mande liberasyon kanmarad, tinèg nèg ak zam te kidnape.

Nan avni kristòf la, etidyan yo bloke wout la ak chèz, kèk bout bwa. Alòske douvan etnoloji a etidyan yo te kouche atè a pandan yo t ap lanse yo pakèt pawòl piman bouk sou polisye ki te la yo.

Junior Albert Augusma ki gen non jwèt li ki se tinèg, yo te kidnape l ye ak 2 lòt etranje dominiken pandan yo t ap soti nan yon tounaj yon fim nan Jakmèl.

Kredi foto:Haïti info pro

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …