AYITI/JISTIS/NIP: GRÈV MAJISTRA YO PARALIZE TOUT AKTIVITE YO NAN TRIBINAL YO NAN JIRIDIKSYON AN.

Grèv ki te lanse sou lobedyans plizyè asosiyasyon majistra yo paralize aktivite tribinal yo nan jiridiksyon Miragwàn. Tout kabinè majistra yo rete fèmen jounen madi 23 fevriye 2021 an , konsta sa pa diferan nan tribinal de pè yo .kèk jistisyab denonse grèv la daprè yo ki fè yo anpil tò paske dosye yo rete nan biwo majistra yo. Pilwen yo denonse konfli sa ki egziste ant pouvwa jidisyè ak pouvwa egzekitif la .

Mèt Saurel Frantz ,an menm tan batonye lòd avoka Miragwàn yo kwè grèv la gen gwo konsekans sou travay òm la lwa yo paske dosye yo ap trennen nan kare majistra yo, batonye Saurel Frantz, di li swete gen yon antant ant pouvwa jidisyè a ak pouvwa egzekitif la.

Nap raple, grèv majistra yo lanse se nan objektif pou pote soutyen bay majistra lakou kasasyon yo prezidan repiblik la Jovenel Moïse ,voye ale nan retrèt.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …