Arnel Joseph ki te sove nan mitan jounen jedi 25 fevriye 2021 an nan prizon sivil Kwadèboukè a apre yon gwo deblozay ki te eklate anndan prizon an mouri nan komin Lestè nan mitan jounen vandredi 26 fevriye 2021 an nan afwontman ak lapolis selon sa sa pòt pawòl lapolis la fè konnen.
Chèf tou pwisan vilaj de Dye a te sou yon moto kote li ta pral kwaze ak yon tchèk lapolis ke li ta pral tire avèk yo selon enfòmasyon nou rive jwenn e la li ta pral tonbe anba katouch, li te gen avèk li de lòt sòlda ki yo menm ta rive chape poul yo.