AYITI/SANTE:FÒMASYON SOU SANTE MANTAL POU TIMOUN.

Sou inisyativ asosiyasyon kad medikal , sig li nan lang anglè ( Card association medical) , yon jounen fòmasyon sou sante mantal fèt samdi 27 fevriye 2021 an, nan komin miragwàn pou timoun defavorize yo.

Se yon inisyativ ki vize akonpanye timoun yo fas ak divès siy yo konn dekouvri lakay yo daprè sikològ travayè sosyal Roude Dormeus ,ki fè konnen kriz politik aktyèl la kapab gen gwo konsekans sou mantal timoun sa yo lè yo vin jèn pou tèt sa li ankouraje paran yo pou akonpanye timoun yo, nan kreye jwèt, sòti ak yo pou ede yo etire estrès.

Kèk timoun ki te prezan nan jounen fòmasyon sa remèsye kad asosiyasyon medikal pou jounen fòmasyon an ,kèk nan timoun yo deklare  » pou nou fòmasyon sa ap itil e nou aprann kèk siy sou pwoblèm sante mantal ,nou pap kenbe yo pou kò nou pral pataje yo ak kanmarad lekòl nou yo ak zanmi sou katye bò lakay nou  » .

Pou fini, direktè depatmantal ministè jenès aksyon sivik nip (MJSAK), Peterson Dezormeau ankouraje seri aktivite sa yo li kwè k ap gen bon anpil pou timoun yo nan depatman nip.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …