AYITI/FOUTBÒL / KATA 2022 : SELEKSYON NASYONAL SENYÒ A KONNEN ADVÈSÈ Li YO NAN KAD ELIMINATWA KOUP DI MOND NAN LANE 2022 AN

Seleksyon nasyonal senyò a konnen advèsè yo nan kad eliminatwa koup di mond ki pwal fèt nan lane 2022 nan peyi Quatar .

Eprèv kalifikasyon zòn konkakaf la koup di mond Quatar 2022 yo ap koumanse soti 24 pou rive 31 mas kap vini la .

Seleksyon nasyonal senyò a konnen dezòmen dat ak lye lap gen pou l’ kwaze ak tout ekip ki nan gwoup E a, nou deja konte Kat sòti pandan premye tou a .
Ayiti fè pati Gwoup E a ki gen ladan l’ Belize , Nicaragua , Îles Turques & Caicos e Ste Lucie .

Sepandan , premye rankont grenadye yo pwograme pou 25 mas nan stad Sylvio Cator a 5 è nan aprè midi .

Wendy Dorcius

Kredi foto : wikipedia

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …