AYITI/FOUTBÒL / TRANSFÈ: YOUN NAN GRAN ATIZAN GWO PRESTASYON EKIP AKAYÈ A NAN SERI OUVÈTI D1 AN GUERRY ROMONDT KRAZE KITE SA ,GADYEN VETERAN AYISYEN AN SIYEN RETOU LI ANDAN EKIP FICA A !

Yon nouvèl ki vire sou tout rezo sosyal yo , avanti GUERRY ROMONDT avèk ekip Akayè  FC a pran fen . Veteran gadyen ayisyen vire do bay vis chanpyon Seri ouvèti D1 aprè l’ fin refize renouvle kontral .

Enfòmasyon an te konfime pa yon mesaj adye ke ROMONDT te pibliye sou rezo sosyal yo :« mèsi ak tout fanatik Akayè pou Moun Mwen ye Jodi a gras ak nou , nap rete nan memwa m » se sa l’ te ekri .

Detay sou transfè a pa devwale , ansyen jwè ekip FICA a retounen Lakay li nan lide pou l ‘ ede kolonb yo fè yon bèl figi nan seri cloti D1 .

Ansyen entènasyonal ayisyen an , GUERRY ROMONDT pase plisyè ekip nan elit foutbòl ayisyen an , li pran 4 tit chanpyon nasyonal .
Chanpyon nan lane 2011 avèk Tempête FC , 2015 e 2016 avèk FICA , 2019 Akayè.

Wendy Dorcius

Kredi foto :F

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …