AYITI/SANTE:MINISTÈ AGRIKILTI LANSE YON KANPAY VAKSINASYON KONT RAJ  KANIN

Nan yon konferans pou Laprès ministè agrikil bay Jedi 4 mas la, yo anonse lansman kanpay nasyonal vaksinasyon , ki te kòmanse nan lane 2019, k ap gen pou bout nan depatman Lwès la soti 8 pou rive 30 Mas k ap vini la.

Objektif kanpay sila se vaksinen 400 000 chyen sou tout teritwa nasyonal la. » Sa ap pèmèt nou kontwole raj kanin, men tou l ap ede nou limite transmisyon maladi a kay lòt bèt yo tankou bovin yo, kaprin yo ak pòsin », se konsa kowodonatè Linite pwoteksyon sanitè a, Haïm Joseph Corvil t ap pale nan mikwo Angeline Michel

Pou kanpay sa rive tanmen, anpil òganizasyon prete menfòt tankou OMS, OPS men tou, anplis sa yo, genyen misyon kretyèn veterinè (CMV) ak bank mondyal (BM).

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …