LEMOND/ RELIJION : YON PAP VIZITE POU PREMYE FWA PEYI IRAK.

Pape François depoze valiz li jounen vandredi 5 mas 2021 an, nan peyi Irak se pou premye fwa sa fèt nan istwa pèp irakyen an .

premye kretyen katolik la ki rive maten vandredi a nan Najaf yon vil ki sen peyi a kote piwo grade legliz katolik la ap gen pou pase 3 jou nan peyi irak epi rankontre ak pigwo otorite relijyon islam irak la Ali Sistani,pou diskite sou zafè relijyon .

Nan premye pawòl li nan vil Najaf pap François, rekonèt peyi Irak ap fè fas ak dezinyon sa ki lakoz 40 milyon irakyen ak irakyèn yo paka viv nan lapè ,li mande ak otorite yo pou fè tout sa yo kapab pou retounen lapè lakay pitit granmèt la.

N ap siyale, se Pape François ki premye fè vizit nan peyi Irak ki se yon ansyen kominote legliz katolik, yon vizit ki fèt nan yon kontèks difisil kote pandemi Kowonaviris la ap fè ray nan peyi a kote pou pi piti 500 moun trape maladi a chak jou.

Dieuva Occidor

Kredi Foto jounalis Andreas Solaro AFP peyi Irak.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …