AYITI/ KILTI : KATRIYÈM EDISYON FESTIVAL RARA A LANSE NAN PÈNYE YON SEKSYON KOMINAL NAN KOMIN PETYONVIL !

Jounen Madi ki te 2 mas la nan yon konferans pou la près , *Vendredi Ricardo* di bonpyès lanse katriyèm edisyon festival RARA nan Pènye Anba tèm « AK TÈT ANSAN M’ KILTI N’ KA REKANPE » .

Nan tan lontan lè nou te di RARA nan lokalite Pènye ou te wè anbyans ak anpil foli, se fyète ak patrimwan tout vodouyizan .

« AK TÈT ANSAN M’ KILTI N’ KA REKANPE »

Nan tan lontan majorite gran twavayè latè yo se te vodouyizan , yo te gen tèt ansan m’ , richès yon pat depan n de pyès bakrankran enpote.

Selon anpil Moun n’ ,lide pou retounen ak RARA a nan Pènye , se yon mwayen pou vodouyizan yo reviv kèk bon moman ki te make yo nan tan lontan .
Nan sans sa , BONPYÈS ap pwofite envite tout tizè RARA nan katriyèm edisyon festival RARA nan kafou pènye 3, ak 4 avril kap vini la .

Wendy Dorcius

Kredi foto:ici Haïti

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …