Jan sa te anonse depi kèk jou nan semèn nan, medsen yo nan tèt kole ak moun opozisyon politik e moun sosyete sivil yo òganize yon mach dimanch 7 Mas 2021 an nan Pòtoprens nan lide pou te di NON ak kidnapin, ensekrite ak diktati nan peyi a.
Mach sa òganize pou di NON ak kidnapin, koze ensekirite k ap taye banda depi kèk tan anndan sosyete a. Anpil gwo pèsonalite politik nan lopozisyon an tankou : Moïse Jean Charles, Antonio cheramy ( Don kato) patisipe nan mach k ap fèt jounen dimanch lan.
Fenomèn kidnapin pa epanye pèsòn. Li rive sou tout kouch. Doktè Ernst Paddy, se non yon medsen nèg ak zam te asasinen semèn pase aprè yo t ap tante kidnape li.
Jackson Junior Rinvil
Kredi foto:ça m’intéresse