AYITI /SOSYETE :KOMISYON EPISKOPAL JISTIS AK LAPÈ DYOSÈZ ANSAVO MIRAGWÀN, DI YO ENDINYE FAS AK DIVÈS PWOBLÈM MEDAM YO.

Nan yon rapò komisyon episkopal jistis ak lapè dyosèz Ansavo /Miragwàn, mete deyò jounen 8 mas la nan okazyon jounen entènasyonal lit pou respekte dwa fanm yo , estrikti dwa moun lan endinye pou fason dwa medam yo ap vyole nan peyi Dayiti .

(CJILAP ) nan okazyon jounen 8 mas pwofite fè kèk rekòmandasyon épi mande ak medam yo :

• konseye ak fanm yo pou kontinye òganize tèt yo pou kapab envesti tout enstitisyon nan peyi ak fòmasyon yo te pran ,pou yo kapab pran swen tèt yo .

• mande ak leta pou kreye yon klima lapè nan peyi pou moun ka respire yon bon lè .Pou medam yo kontinye mennen aktivite yo.

• estrikti a ki raple ak medam yo se motè ekonomi peyi a, pwofite mande ak paran yo pou voye je sou jèn ti fi yo, fè yo pran desten yo.

• òganis dwa moun lan kwè lavi a ka pi bèl si yo fòme tèt yo .Konsa tout ap gen menm respè .

komisyon episkopal jistis ak lapè swete ak fanm yo kouraj ,se pou rèl yo rive byen lwen pou touche tout moun ki panse mal sou fanm yo, paske fanm pa yon choz.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …