Ludwige Bertrand, Se nouvo direktè Administrasyon penitansye nasyonal li ranplase nan pòs sa ansyen direktè Charles Nazaire Noël , ki transfere nan direksyon jeneral polis nasyonal Dayiti pandan otorite yo ap ret tann ankèt sou evazyon ki te fèt 25 fevriye a nan prizon sivil kwadèboukè a.
Fòk nou di pandan evazyon nan prizon sivil kwadèboukè a gen pou pi piti 400 evade ki gaye nan peyi a, kèk ladan yo deja vale akdenesans yo tankou Ansyen chef gang vilaj de Dieu a Anel Joseph, kite mouri 26 févriye 2021 nan komin lestè pandan l te nan wout pou tounen nan baz li savien .
N ap raple Ludwige Bertrand te pase plizyè direksyon depatmantal pami yo, direksyon depatmantal polis nip kote li te pase sèlman kèk mwa.
Dieuva Occidor