AYITI/POLITIK:DIEUDONNÉ LHERISSON : »GEN YON YON FRANJ NAN LOPOZISYON POLITIK LA AK SOSYETE SIVIL LA KI PA VLE ELEKSYON FÈT NAN PEYI A »

Dieudonné Lherisson, lidè politik pwòch pouvwa a, pa t mete dlo nan bouch li pou l te kritike yon pakèt mannèv lopozisyon politik la ap fè pou kreye enstabilite paske yo pa vle eleksyon fèt nan peyi a. Daprè sa l di, yo vle tranzisyon pou yo ka kontinye fini ak ti rès ki rete pou pèp la.

 » Konstitisyon 87 la se sèl mwayen yo genyen pou yon kontinye kenbe peyi a nan enstabilite politik, ekonomik ak sosyal », deklarasyon prezidan pati planspa a, Dieudonné Lherisson Nan yon konferans pou laprès li bay jounen Jedi 11 Mas 2021 an.

Ansyen kandida pou pòs depite nan komin Marigo, depatman sidès, Dieudonné Lherisson, te pwofite pou l voye flè pou gouvènman an pou mezi yo pran pou fè tout vit machin detente nan batay yo ap mennen kont kidnapin nan peyi a. Nan sans sa, li bat bravo lankontman.

Parapò ak mouvman kont diktati k ap fèt dènye tan sa yo nan peyi a, nèg » van » an, jan anpil moun rele l la, kwè se vye pretèks lopozisyon an chaje paske yo pa vle chanjman konstitisyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …