AYITI /EDIKASYON :MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL BAY DAT EPI SOTI KANTITE KANDIDA K AP PATISIPE NAN EGZAMEN BAK PÈMANAN YO ANE SA

Yon total dimil nèf san katreven dis nèf (10999 )kandida k ap patisipe nan egzamen ofisyèl bak pèmanan yo ane sa.

Nan yon kominike ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl mete deyò fè konnen egzamen yo ap dewoule sòti lendi 15 pou rive 18 mas nan tout 10 depatman jewografik peyi dayiti. Pami kandida sa yo gen (4850) kandida pou nouvo segondè 4 (NS4) ak 6149 kandida ki reprezante filo tradisyonèl yo.

Nan menm kominike a ministè a prezante valè kandida pou chak depatman yo :

• depatman lwès gen 3956 kandida enskri pou NS4 ak filo tradisyonèl.

•Depatman Nòdwès gen 927 enskri pou NS4 ak filo tradisyonèl yo.

•Depatman sant 972 enskri pou NS4 ak filo tradisyonèl.

• depatman Nòdès gen 1007 enskri pou NS 4 ak filo tradisyonèl.

• Depatman nip gen 108 enskri pou NS4 ak filo tradisyonèl.

•Sidès gen 469 enskri pou NS 4 ak filo tradisyonèl.

• Depatman Latibonit gen 1030 enskri pou NS 4 ak filo tradisyonèl.

•Depatman Nò gen 1509 ,enskri pou NS 4 ak filo tradisyonèl.

• Depatman Sid gen 830 enskri pou NS 4 ak tradisyonèl.

• Depatman Grandans gen 444 enskri pou NS 4 ak filo tradisyonèl.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …