OPERASYON VILAJ DE DYE : EDDY JACKSON ALEXIS, ANSYEN SEKRETÈ LETA KOMINIKASYON AN, SOTI NAN SILANS LI

Vandredi 12 mas 2021 ki sot pase a, lapolis te mennen yon operasyon nan vilaj Dedye. Nan operasyon sila a, anpil polisye tonbe, lapolis pèdi anpil materyèl. Parapò ak sa ki pase a, plim sou do moun leve anpil nan sosyete a. Pami moun sa yo, sekretè Leta kominikasyon an se youn nan yo.

Eddy Jackson Alexis kritike konplètman Leta a aprè lanmò polisye yo nan operasyon yo t al mennen nan vilaj la vandredi ki sot pase a.  » Ki kote kadav polisye yo ye ? Kòman Leta ap fè pou fanmi yo antere pitit yo », Kesyon Eddy Jackson Alexis li poze nan yon tweet li fè samdi 13 mas la.

« Jounen 12 mas la @pnh_officiel pèdi 4 polisye vilaj Dedye. Pandan m nan devwa rezèv la, m ta renmen konnen ki kote kadav polisye yo ye ? Kòman leta ap fè pou fanmi yo antere pitit yo ? Òganize fineray pou yo ? @moisejovenel @JoutheJoseph @BINUH_UN »

Ansyen sekretè Leta kominikasyon an, mesye Alexis, fè konnen nan yon lòt kesyon kouman Leta pral fè pou l òganize fineray polisye ki tonbe yo.

Pandan li te sekretè Leta kominikasyon, gen yon pakèt pòs Eddy Jackson Alexis pa t janm konn fè alòske bagay yo te toujou malouk pou pèp Ayisyen an. Pou anpil moun, yo kwè, li vin kritik ak pouvwa a depi lè yo fin revoke l nan pòs sekretè Leta kominikasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …