AYITI/ENSEKIRITE: RNDDH ENDINYE APRÈ LANMÒ KAT (4) POLISYE YO NAN VILAJ DE DYE .

Direktè egzekitif rezo nasyonal ki ap defann dwa moun (RNDDH) , Pierre Esperance di li choke anpil aprè lanmò 4 polisye yo nan operasyon 12 mas 2021 an nan vilaj de Dye .Defansè dwa moun lan ki kritike pouvwa anplas la ki se responsab zak banditis yo nan peyi a, daprè li pouvwa toujou itilize bandi yo pou fè regleman kont politik pou yo.

Pilwen direktè egzekitif RNDDH la, mande ak bandi vilaj de Dye pou ta pèmèt fanmi polisye sa yo jwenn kò yo pou antere , li montre enkyetid li tou parapò ak zam ak ekipman materyèl lapolis gen ki rete nan men bandi vilaj de Dye ki kapab vin rann zòn bisantnè a pi danje pou popilasyon an ki konn pase nan zòn lan .

Yon sitiyasyon ki sanble kònen lanbi konsyans kay anpil moun nan sosyete a ,ansyen senatè Youry Latortue nan yon twit di li metel disponib pou kapab pote sipò teknik bay enstitisyon lapolis la pou kapab mete bandi yo nan wòl yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …