De (2) ti fi mouri pann nan lokalite » kanari » ki nan komin Tigwav. Se papa ti lèzanj sa yo ki fè aksyon an aprè zak la papa pann tèt li tou.
Sekretè biwo kòdonatè kazek zòn lan Michelle Louis , ki te gaye nouvel la fè konnen ti lèzanj sa yo gen laj 10 lane ak 8 lane , « papa te deside fè aksyon sa aprè manman timoun sa yo ki se madanm li pat deside tounen nan kay la pou vin viv an fanmi » selon esplikasyon kazek la Michelle Louis.
Pilwen. Michelle Louis , fè konnen mouche a ki fè zak la se yon chofè taxi , yo relel nan zòn lakay li »Tono ».
Dieuva Occidor