AYITI/ENSEKIRITE : 4 POLISYE KITE NAN PRIZON NAN KOMISARYA DELMA 33 , LIBERE SOU PRESYON FANTOM 509

Gwo deblozay pete nan komin Delma pandan jounen 17 mas la , polisye fantom 509 yo rantre nan komisarya Delma 33 fòse ak polisye kite nan komisarya sa libere 4 kòlèg polisye yo kite nan prizon nan komisarya Delma .

Gwoup polisye fantom 509 yo kite gen ak yo plizyè militan politik debake nan komisarya ak zam nan men polisye yo ,manchèt ak wòch nan men militan yo epi antre anndan komisrya pou ale chache polisye yo , aprè liberasyon an kék militan ki pale fè konnen polisye sa yo kite nan prizon an te inosan se pou direktè jeneral pou titan polis la Léon Charles , mete pito bandi ki nan vilaj de Dye yo nan prizon.

Yon jounen mèkredi 17 mas 2021 , nan pòtoprens ki parèt mabyal ak plizyè aksyon polisye fantom 509 yo deja fè pèson nan wo kòmandman lapolis la poko bay okenn esplikasyon .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …