AYITI/PIYAJ: YON MOUN MOURI PLIZYÈ LÒT BLESE ANBA BAL NAN PIYAJ NAN YON MAGAZEN MACHIN NAN KAPITAL LA.

Plizyè endividi moun pa rive idantifye , piye jounen mèkredi 17 mas la magazen universal motors ki sou wout ayopò a pandan operasyon kas sa endividi sa yo pote ale pou piti 10 machin ,plizyè batri ak laptop nan biznis, pou piti 10 machin ak 2 zam kite nan men sekirite universal motors .

Pandan endividi sa yo t ap pran sak pa pou yo nan magazen Universal motors, kèk ladan yo t al tante pran kèk motosiklèt nan moman sa katouch tire plizyè ladan yo pran bal ak youn ladan yo mouri, selon esplikasyon kèk te mwen kite nan zòn lan .

Fòk nou di , piyaj sa yo fèt aprè gwoup polisye fantom 509 yo kite al libere 4 polisye nan komisarya ki nan delma 33 , epi aprè polisye sa yo ak manm nan popilasyon an te pran wout pou kafou ayopò.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …