AYITI/PNH: » FANTOM 509 LA SE YON GWOUP KI PA MARYE AK LÒD AK DISPLIN ENSTITISYON AN », DEKLARASYON DIREKTÈ JENERAL LAPOLIS LA, LÉON CHARLES.*

Nan lide pou fòse Leta a al deyè kadav polisye ki te tonbe nan operasyon PNH la te mennen vilaj dedye a, polisye ki regwoupe anba non  » Fantom 509  » yo te pran lari mèkredi 17 mas la. Fas ak sa, direktè jeneral lapolis la move kou gong.

 » Fantom 509 pwofite sityasyon an pou li fè dezòd paske PNH la ap jere lanmò frèdam li. Li rive soti malgre popilasyon an kwache sou vye pratik li yo ki se boule machin ak ouvè pòt prizon », Léon Charles.

Nan menm entèvasyon sila a, DG PNH la fè konnen pratik ouvè pòt prizon se aksyon delenkan.

Pou sa k gen pou wè ak enspektè Carl Henry Boucher, Léon Charles kwè se youn nan rezon ki lakoz polisye fantom 509 yo te pran lari ayè mèkredi a, nan sans pou anpeche lapolis la tabli verite sou sa ki pase vilaj dedye vandredi 12 mas la.

Direktè PNH la, prèske yon semèn aprè sa ki pase vilaj dedye a, li poko demisyone e PNH la, nonplis, poko pran okenn dispozisyon pou al chache kadav polisye ki tonbe nan operasyon li te mennen vilaj dedye a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …