AYITI/EDIKASYON : » 4 JOU EGZAMEN BAK PÈMANAN TE REYISI NAN DEPATMAN NIP  » DEKLARASYON DIREKTÈ DEPATMANTAL NIP EDIKASYON AN .

Kat (4) jou egzamen bak pèmanan yo te reyisi sou 11 komin depatman nip lan  » se deklarasyon direktè depatmantal Nip ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl Odel Joseph , fè konnen sou yon total 108 kandida ki te enskri 96 te konpoze pandan 4 jou yo .

Direktè Odel jospeh, deklare biwo depatmantal nip edikasyon an te mobilize 31 moun ki te gen ladan yo gadyen, siveyan ak enspektè pou te pèmèt egzamen an reyalize nan 11 komin yo , pilwen Odel Joseph felisite konpòtman bon timoun kay kandida yo pandan 4 jounen egzamen yo .

Pou fini Odel Joseph , fè konnen tèks egzamen ap kòmanse korije jounen vandredi 19 mas la , nan sousi pou pèmèt rezilta sa yo disponib nan yon titan ki pa twò long .

Dieuva Occidor Echo Jounal.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …