AYITI /POLITIK : SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ ANONSE 3 JOUNEN MOBILIZASYON POU 28,29 AK 30 MAS KI AP VINI LA.

Sektè demokratik ak popilè a anonse samdi 20 mas 2021 an, 3 jounen mobilizasyon pou 28, 29 ak 30 ki ap vini la nan tout peyi a pou kontinye mande pou respekte konstitisyon 1987 la epi denonse lanmò polisye kite mouri 12 mas 2021 an nan operasyon vilaj de Dye .

 » 28 ak 29 mas k ap vini la nou ap pran lari a ak manm nan sosyete sivil la pou nou al mande respè konstitisyon 1987 la, epi 30 mas 2021 an nou ap sou beton an pou nou al akonpanye polisye yo k ap mande ak wo kòmandman polis la pou ba yo kadav konfrè zam yo kite mouri nan operasyon vilaj de Dye 12 mas pase a  » deklarasyon you n nan pòt pawòl sektè a mèt Andre Michel, pilwen ki fè konnen li menm antanke avoka fanmi polisye ki te viktim nan operasyon vilaj de dye a pral depoze yon plent demen lendi 22 mas 2021an kont wo kòmandman polis la .

Sektè demokratik ak popilè ki nan opozisyon politik la di yo pa pè ale nan eleksyon jan ke detraktè pouvwa ap fè kwèl la  » nou klè, fòk gen eleksyon nan peyi a men, se pa jan l ap fèt la pa menm gen yon rejis elektoral, mwens 3 milyon moun nan peyi a ki gen kat elektoral yo » deklarasyon ansyen senatè Rica Pierre ki di li pa nan eleksyon ak rejim PHTK nimewo 2 a .

Pou fini , pòt pawòl òganizasyon viv Ayiti a Rony Thimoté , ki demi sektè demokratik di li pran lapèn ak tristè aprè endividi poko idantifye te mete dife nan biznis òm dafè epi politisyen Reginald Boulos .

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …