AYITI/POLITIK:JOVENEL MOÏSE RANKONTRE NAN TIGWAV MADAN POLISYE SWAT ARIEL POULARD, YOUN NAN POLISYE KI TE TONBE NAN OPERASYON VILAJ DEDYE A.*

Prezidan Jovenel Moïse te nan tigwav samdi 20 mas la pou rann vizit ak madan polisye swat Ariel Poulard ki se te youn nan polisye ki te mouri nan operasyon PNH la te mennen vilaj dedye a.

Jovenel Moïse, ansyen patwon agritans lan, nan rankont sila a rasire madan polisye a nan sans, Leta ap travay anpil pou l jwenn kadav polisye ki te tonbe yo.

« Nèf jou aprè, se te yon devwa pou mwen pou m te vin wè madan polisye Poulard ak 2 pitit li yo », deklarasyon Jovenel Moïse.

Jackson Junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …