AYITI/PNH: Me JEAN FRITZ MAGNY, AVOKA SPNH17 LA, JWENN ARESTASYON L NAN DDO, SELON JEAN ELDER LUNDI.

Mèt Jean Fritz Magny ki se avoka SPNH17 la jwenn arestasyon l jounen lendi 22 mas la nan DDO daprè kòdonatè jeneral SPNH 17 la, Jean Elder Lundi.

« Li ta pral notifye Lapolis pou yon sit-in SPNH 17 la ap gen pou fè jounen madi 23 mas 2021 an », deklarasyon kòdonatè.

Kòdonatè a ki t ap entèvni sou yon radyo nan kapital la, fè konnen yo ale ak mèt Jean Fritz Magny nan DCPJ.

N ap raple, jounen lendi 22 mas la te gen anpil lèsefrape sou dèlma a ant polisye « Fantom 509 » yo ak lòt polisye ki lakoz yon polisye mouri ak youn ki blese nan pye ak yon bal.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …