AYITI /JISTIS : OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN BAT BRAVO POU POLISYE KI REPRANN SELIL YO.

Nan yon nòt ofis pwoteksyon sitwayen ak sitwayèn (OPC), mete deyò lendi 23 mas la felisite polisye gwoup fantom 509 yo te libere nan komisarya delma 33 ak nan prizon sivil kwadèboukè a 16 ak 18 mas la pandan mouvman yo ki reprann selil yo .

Pwotektè sitwayen an mèt Renand Edouvil felisite konpòtman polisye sa yo ki deside retounen nan selil yo paske yo an afè ak enspeksyon jeneral polis la .

Mèt Edouvil pwofite okazyon an pou mande ak otorite nan lajistis yo pou prese panche sou ka polisye sa yo , se vre li rekonèt pouvwa jidisyè a an grèv li mande ak asosiyasyon majistra yo pou kreye yon selil ijans pou kapab pèmèt gen desizyon jistis ki sòti swa anfavè ou byen kont yon seri moun k ap koupi nan detansyon patikilyèman polisye ki gen pwoblèm ak lalwa yo .

pwotektè sitwayen an swete pouvwa egzekitif la ak pouvwa jidisyè a pou kapab jwenn yon bon fòmil pou rezoud konfli yo genyen ki gen konsekans sou jistisyab ak detni ki nan prizon yo nan peyi Dayiti.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …