AYITI/POLITIK: »TOUT AKI DEMOKRATIK PÈP AYISYEN AN TE GOUMEN POU LI A PRÈSKE FIN DISPARÈT », DEKLARASYON FRANCK SAINT JEAN NAN YON PWEN PRÈS LI BAY NAN TÈT KOLE AK JOSUÉ MERILIEN*

« Jovenel Moïse ak PHTK trennen pèp Ayisyen nan yon sityasyon malouk istorik. Jovenel redui tout enstitisyon nan peyi ak li menm sèlman, li federe gwoup gang », Pawòl Franck Saint Jean nan yon pwen près 25 mas 2021.

Mesye Saint Jean, yon lòt kote, nan lide pou goumen kont diktati Jovenel Moïse vle tabli nan tèt peyi a, mande pèp Ayisyen an pou li leve kanpe.

Goumen kont diktati egzije alye nasyonal kou entènasyonal. Nan sans sa, selon mesye Saint Jean, yo te fè apèl  » a la solidarité » entènasyonal nan yon konferans KONBIT te fè. « Gen yon pakèt òganizasyon politik, dwa moun ak popilè entènasyonal k ap poze divès aksyon solidarité an favè lit pèp Ayisyen an ap mennen an dènye tan sa yo », se sa Saint Jean fè konnen.

Josué Merilien bò kote l pa l fè pèp la konnen peyi enperyalis yo anfas li donk 29 mas k ap vini an, li dwe soti pou l al manifeste kont diktati e an menm tan mete presyon sou ameriken yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …