Nan lanwit 27 pou louvri jounen 28 mas la yon gwo dife eklate nan lokal izin » Haiplast recycling S.A » nan site militè, selon deklarasyon kèk abitan.
Nan « site militè »ak « vilaj solidarite » ,gwo dife sa te oblije fè popilasyon kouri kite kay yo pandan nwit lan pou te evite yo viktim .
Haïplast recycling » ki espesayalizel nan transfòme bagay plastik tankou:asyèt katon, boutèy bwason gazez plastik pou fè lòt bagay pou moun ka itilize » daprè esplikasyon youn nan abitan yo .
N ap siyale, malgre entèvansyon ponpye nan komin delma pat kapab fè anyen pou etèn dife nan lokal antrepriz la akoz mank materyèl, n ap fè remake yo poko konnen si gen moun ki viktim pandan gwo dife sa a .
Dieuva Occidor