LEMOND /JISTIS : PWOSÈ LANMÒ GEORGES FLOYD LA DEMARE JOUNEN 29 MAS LA .

pwosè lanmò afwo-ameriken Georges Floyd demare jounen lundi 29 mas 2021 an devan tribinal peyi Etazini .

Polisye Derek Chauvin, 45 lane , ki gen 19 lane depil ap sèvi  (Minneapolis) akize kòm moun ki touye Georges Floyd, ap parèt jounen lendi 29 mas la nan premye odisyon li .

Daprè videyo ki te pibliye sou rezo sosyal yo ki te pouse anpil moun revòlte kont sistèm rasis nan mond lan kote yon polisye Derek Chauvin te pran jenou li mete sou kou viktim nan pou jis li rive bay dènye souf nan dat 25 me 2020 an.

Nan kad yon entèvyou ak laprès nan peyi etazini ayè dimanch lan, avoka fanmi Georges Floyd la, Ben Crump, fè konnen se ta polisye Derek Chauvin ki touye Georges Floyd, paske videyo a te filme piblik pandan li voye jete byen lwen defans avoka Derek Chauvin yo ki ta vle fè kwè kliyan yo a pa koupab.

N ap raple nan kad pwosè sivil kite demare,Derek Chauvin te kondane epi dedomaje fanmi Georges Floyd ak 27 milyon Dola Ameriken .

Dieuva Occidor

Kredi foto:Lemonde.fr

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …