*ANBASAD LAFRANS NAN PEYI DAYITI LANSE PWOSEDI SELEKSYON POU BAY BOUS ESTAJ NAN YON LEKÒL SINEMA NAN VIL PARI*

Lansman pwosedi seleksyon pou bay bous estaj k ap fèt nan ete a nan yon lekòl sinema ki rele  » La Femis » nan vil Pari, se sa anbasad Lafrans nan peyi Dayiti anonse jounen lendi 29 mas la sou rezo sosyal yo.

« Pwogram inivèsite dete se yon fòmasyon 2 mwa pou 15 jènn reyalizatè osnon etidyan ki ta swete konplete fòmasyon ak konesans teknik yo ak tou pou yo pèfeksyone pratik sinema dokimantè yo nan peyi Lafrans », se sa ki li nan mesaj ki mete a.

Pwogram nan, daprè sa yo fè konnen, l ap fèt pandan 8 semèn edmi. Chak semèn ap gen 5 jou kou entansif k ap òganize nan objektif pou moutre ki sa ki yon « reyalizasyon » kote chak estajyè ap gon dokiman kreyasyon k ap dire ant 5 ak 10 minit.

« Nan sa ki gen pou wè ak rankont sou chwa ak konsepsyon fim yo, estajyè yo ap suiv 4 semèn kou teyorik k ap gen ladann yon pakèt pwojeksyon fim », se sa yo fè konnen.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …