AYITI/SOSYETE:JOUNEN NASYONAL MOUVMAN FANM YO NAN PEYI DAYITI, MCFDF ANONSE PLIZYÈ AKTIVITE.*

Ministè kondisyon feminin ak dwa fanm ki gen tèt li Marie Ghislene Monpremier anonse, mèkredi 31 mas la, yon seri aktivite yo ap gen pou òganize nan lide pou make jounen nasyonal mouvman fanm ayisyen yo 3 avril k ap vini la.

Ane a 3 avril la ap tonbe nan yon semèn sent, sa ki oblije yo voye evenman yo pou 6,7 avril.  » Eksepsyonèlman, ministè a p ap selebre 3 avril la nan jou l tonbe a parapò ak sa jou sa reprezante pou kwayan ayisyen yo ki se samdi sen », deklarasyon Marie Ghislene Monpremier.

Sepandan, daprè Marie Ghislene Monpremier, minis kondisyon feminin ak dwa fanm, nan lide pou respekte kwayans tout moun, ministè a ap komemore jounen entènasyonal mouvman fanm yo an Ayiti 6, 7 avril k ap vini an nan Jeremi anba tèm leadership fanm pou yon fiti egalitè, pezib nan moman  Covid-19.

Daprè minis la, jounen 6 ak 7 avril la ap gen yon pakèt aktivite. Jounen madi 6 avril la ap gen yon seremoni nan fwaye kiltirèl nan Jeremi kote ap gen yon pakèt otorite nan Leta a ak otorite lokal epi kèk manm nan sosyete sivil la.

Pou mèkredi k ap 7 avril la, ap gen yon tab konsètasyon k ap fèt ak òganizasyon sosyete sivil ak etatik kont vyolans baze sou jan moun ki « homosexuel » yo ap viktim nan sosyete an  k ap lanse nan depatman Grandans.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …