AYITI /ADMINISTRASYON : LAURENT MSELLATI NONMEN NOUVO CHÈF BANK MONDYAL NAN PEYI DAYITI .

Nan yon kominike pou laprès Bank mondyal mete deyò jounen jedi premye (1) Avril la ,fè konnen yo nonmen Laurent Msellti kòm nouvo chèf bank mondyal nan peyi Dayiti, nouvo chèf bank mondyal Laurent Msellati ki gen kòd lonbrik li ki sòti nan peyi Lafrans .

Toujou daprè kominike a nouvo chèf bank mondyal la ap gen pou wòl pou oryante bank mondyal epi travay nan bonjan kolaborasyon nan sipòte gouvènman ayisyen an  ki konnen anpil moman difisil, sitou ak pandemi kowonaviris lan.

« Misyon mwen se kontinye travay pou sipòte pèp ayisyen an, ki baze sou kwasans. Mwen pral travay nan bon jan kolaborasyon ak diferan aktè nan sosyete peyi Dayiti a nan sipòte epi pèmèt gen bon jan devlopman » deklarasyon nouvo chèf bank mondyal la nan peyi a Laurent Msellati.

N ap siyale Laurent Msellati, te antre nan bank mondyal nan lane 1991, kote li  dirije plizyè misyon deja pou bank mondyal nan kontinan afriken an
.

Msellati ap gen pou jere 20 pwojè aktif pou bank mondyal nan peyi Dayiti k ap koute 915 milyon dola lajan ameriken ki jwenn finansman nan men asosiyasyon entènasyonal devlopman fon fidisyè, pwojè sa yo ki ale nan divès sektè tankou : edikasyon, sante, enèji, agrikilti elatriye.

Dieuva Occidor Echo Jounal .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …