MOVE TAN KI SOT PASE NAN KÈK VIL NAN PEYI A, GOUVÈNMAN MOBOLIZE ATRAVÈ MTPTCE

Premye minis Jouthe Joseph fè konnen, jounen lendi 5 avril la, sou kont twitter li gouvènman an mobilize atravè MTPTCE, MAST ak Ministè Enteryè pou l pote sipò bay moun ki sinistre yo.

« Gouvènman an mobilize atravè ministè lenteryè, MTPTCE AK MAST pou pote asistans bay moun ki sinistre nan dènye move tan ki sot pase a », se sa premye minis la, Joseph Jouthe, ekri sou kont twitter li.

Chèf primati a pwofite okazyon an pou l mande popilasyon an pou l fè anpil atansyon pandan yo ap respekte konsiy otorite pwoteksyon sivil yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …