AYITI/ EDIKASYON: YON JOUNEN ATELYE SOU PLAN ANYÈL AKTIVITE MENFP NIP 2021-2022 ÒGANIZE NAN DEPATMAN NIP .

Direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal nip òganize jounen jedi 8 avril 2021 an yon atelye konsètasyon sou plan anyèl aktivite 2021-2022, sou 11 komin depatman nip lan . Selon direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal  nip lan Odel Joseph, fè konnen se yon aktivite ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl  ap reyalize nan  depatman nip lan nan objektif pou kapab pi byen prepare aksyon travay ministè a nan 11 komin depatman nip yo pandan ane akademik 2021-2022 a.

Responsab edikasyon nip lan, Odel Joseph, fè konnen atelye sou plan anyèl aktivite nip lan jwenn bourad UNESCO, pandan li fè konnen aktivite sa pral fasilite ministè edikasyon nasyonal ak patnèl yo pou kapab konnen nan ki faz pou yo aji nan nivo depatman nip lan.

Nou ap siyale, atelye plan anyèl aktivite (PAA) te dewoule ant tout manm sistèm edikatif nip lan, se yon aktivite ki ap gen pou  fèt nan tout 10 depatman peyi Dayiti , selon sa responsab yo esplike.

 

Dieuva Occidor.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …