Moun kafou fèy ak moun ki nan zòn alantou yo manifeste vandredi 8 avril 2021 an pou mande liberasyon ansyen polisye sendikalis, Abelson Gros-Nègre ki nan prizon penitansye nasyonal._
Abel Gros-Nègre ki se pitit gason Abelson Gros-Nègre, ki gen 13 lane sou tèt li te nan manifestasyon sila a pou mande liberasyon papa l.
« Yo pa arete papa m, se kidnape yo kidnape l, se yon machin vit tente san plak ki te vin pran l », deklarasyon Abel Gros-Nègre nan mikwo laprès.
Pitit ansyen pòt pawòl SPNH17 la, voye jete tout akizasyon yo mete sou do papa l ki ta fè kwè li se manm fantom 509. » Papa m pa nan fantom paske fantom se moun ki mouri deja. M ap mande liberasyon papa m », se konsa Abel Gros-Nègre te kontinye.
Jackson junior Rinvil
Kredi foto:VOA