ASASINA ENSPEKTÈ DIVIZYONÈ JEAN FRANTZO SOULOUQUE, PREMYE MINIS JOUTHE VOYE SENPATI LI BAY FANMI VIKTIM NAN.

Premye minis Jouthe Joseph deplore asasina enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque epi voye senpati li bay zanmi ak fanmi viktim lan nan yon nòt primati a fè soti dimanch 11 avril 2021 an.

« Premye minis Joseph Jouthe aprann avèk anpil emosyon nouvèl lanmò enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque nan dat dimanch 11 avril la »2021 an daprè sa ki ekri nan nòt la.

Viktim nan te ataka pa yon gwoup nèg ak zam samdi 10 avril nan « rue des miracles », enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque pa rive kenbe fas ak blesi yo », se konsa nòt la te kontinye.

Jean Frantzo Soulouque, daprè nòt la, te atache nan sèvis sekirite primati a depi nan lane 2004.

Yon moun lwayal, displine e ki gen sans serye lakay li se konsa premye minis la, Joseph Jouthe te prezante li.

Chèf primati a voye senpati li bay zanmi ak fanmi nouvèl lanmò enspektè divizyonè Jean Frantzo Soulouque afekte.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …