AYITI/ SOSYETE :ÒGANIZASYON PAYAN ANVWA  DEVLOPMAN SELEBRE 8 TYÈM LANE YO .

òganizasyon payan anvwa devlopman ( PAVODEV) fete jounen dimanch 11 Avril 2021 an, 8 tyèm anivèsè yo nan 2zyèm seksyon komin payan lokalite misòt (missotte).

Selebrasyon an kite fèt nan prezans divès manm li yo ,kòdonatè PAVODEV la enjenyè Jean Jules, fè konnen òganizasyon an te fòme nan lane 2013 depi dat sa y ap travay nan agrikilti nan komin payan, akonpanye peyizan yo nan angrè ak fòmasyon pou yo kapab konnen kijan pou yo plante.

Pilwen kòdonatè PAVODEV la mande kolaborasyon tout ak sipò lòt sektè pou ede yo kenbe òganizasyon an sou pye epi pèmèt yo jwenn mwayen ekonomik pou akonpanye peyizan nan komin lan.

Sou bò pa yo, plizyè manm ki t ap patisipe nan selebrasyon òganizasyon payan anvwa devlopman (PAVODEV) bat yon gwo bravo pou komite k ap òganizasyon an. Kèk ladan yo fè konnen se gras ak PAVODEV ki fè yo jwenn angrè ak plant chak fwa moman plantasyon pral rive, pandan yo kritike otorite yo nan ministè agrikilti ki pa bay okenn akonpayman nan komin Payan ak plantè yo .

Òganizasyon Payan anvwa devlopman ( PAVODEV) te kreye 11 Avril 2013, nan lane 2018 te rive chanpyon nan konkou pwojè  » konbit pou chanjman ». Òganizasyon an ki gen pou piti senk san (500) manm selon done estatik responsab yo kominike nan prezantasyon estrikti PAVODEV.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …