AYITI/ ENSEKIRITE :  » JOUNEN DIMANCH LAN TE YON JOUNEN NWA POU PEYI DAYITI » DAPRÈ PREMYE JOUTHE JOSEPH.

Premye minis ayisyen an Jouthe Joseph, ki montre li preyokipe ak zak ensekirite nan peyi Dayiti aprè yon CSPN espesyal jounen lendi 12 Avril 2021 an deklare  » dimanch 11 Avril 2021 an te yon jou nwa pou popilasyon an, pou piti 12 moun kidnape, pami yo prèt legliz katolik ki ta dwe gen anpil respè nan sosyete a ».

Chèf primati a fè konnen li pase lòd ak minis jistis la pou mennen ankèt pou arete tout moun ki ap fè zam rantre nan peyi Dayiti .

pandan week-end pase a nan depatman Nò peyi  Dayiti premye minis Jouthe Joseph, te fè konnen mezi detente vit machin lan bay rezilta epi te deklare  » se rat kay k ap manje pay kay », plizyè kouch nan sosyete a ap poze kesyon kiyès ki ta rat kay la k ap manje pay kay la ?

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …