AYITI/POLITIK: SEKRETÈ LETA KOMINIKASYON AN DEMANTI ENFÒMASYON KI FÈ KWÈ MANM GOUVÈNMAN PA CHANJE.

Nan yon pwen pou laprès jounen jedi 15 avril 2021 an sekretè Leta kominikasyon an, Frantz Exantus demanti pawòl ki ta fè kwè gouvènman an pa chanje epi chèf Leta a rekondwi menm moun yo.

Nou demanti rimè k ap fè bri kouri nan lari a kòmkwa gouvènman an pa chanje epi chèf Leta a rekondwi menm moun yo », deklarasyon Frantz Exantus.

Ansyen direktè kominikasyon nan primati, Frantz Exantus fè konnen rimè sa yo mete konfizyon nan tèt anpil aktè politik nan peyi a.

Sekretè Leta kominikasyon an, pi lwen, fè konnen se yon premye minis ki la pou yon ti bout tan k ap likide zafè kourant annatandan diskisyon yo fèt ak aktè politik yo pou mete yon gouvènman sou pye.

Sepandan, parapò ak fenomèm ensekirite a k ap vale teren, Frantz Exantus anonse te gen yon CSPN espesyal ki fèt an ijans anba lobedyans premye minis ki la pou yon ti bout tan an, Claude Joseph. » Nan yon tan ki pa twò long laprès ap konnen ki mezi ki pran pou frape fenomèm ensekirite a », selon menm sous lan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …