LEMOND / JISTIS : LAKOU SIPRÈM PEYI BREZIL ANILE KONDANASYON ANSYEN PREZIDAN LULA YO .

Lakou siprèm peyi Brezil anile kondansyon pou zak koripsyon ansyen prezidan Luis Inacio Lula Da Silva, jedi 15 Avril 2021 an, nan yon vèdik pigwo enstans jisti Brezilyèn lan deside anile kondanasyon koripsyon kont ansyen chèf Leta Brezil la pou kounye a ki gen dwa pou kandida nan eleksyon 2022 yo .

Jij kou siprèm yo kite reyini jounen 15 Avril la 2021 an , nan seyans piblik kote 8 jij vote pou anilasyon kondanasyon pou koripsyon ansyen prezidan Lula ak 3 jij ki vote kont desizyon an .

Jij kou siprèm sa yo vini konfime premye vèdik jij Eudson Fachin, kite estime nan koumansman mwa Mas la tribinal Curitiba ki nan Sid peyi Brezil pat konpetan pou te pwononse kondanasyon an .

Ansyen prezidan Luis Inacio Lula Da Silva, ki gen 75 lane kounye a gen dwa pou kandida nan eleksyon 2022, paske lajistis peyi Brezil retire tout akizasyon kont ansyen prezidan gòch peyi Brezil la .

Dieuva Occidor .

Kredi foto:AFP

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …