LEMOND/ FA CUP : CHELSEA KALIFYE POU FINAL APRÈ VIKTWA LI SOU MAN. CITY*

Chelsea bat Man. City 1-0 nan kad demi final FA CUP ki jwe jounen samdi 17 avril 2021 an.

Gras ak yon gòl Hakim Ziyech sou pas desizif Timo Werner, ekip Chelsea a bat Man. City epi file nan final FA CUP la.

Pandan match la, aprè yon kòmansman dezyèm mitan katastwofik pou poulen Guadiola yo, Kevin de brune soti nan match la aprè li te fin blese.

Eliminasyon sa devan ekip Chelsea a, mete ekip Citizenn nan pi lwen rèv li te genyen pou li te fè kwatriple nan sezon an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …