AYITI / ENSEKIRITE : 81 MOUN VIKTIM NAN AKSIDAN, PAMI YO 9 MOUN MOURI AK 72 LÒT BLESE.

Nan yon bilten òganizasyon  » Stop Accident » mete deyò jounen lendi 19 Avril 2021 an, fè konnen yo resanse sòti 12 pou rive dimanch 18 Avril 2021 an.

Òganizasyon stop accident fè konnen  li  anregistre 16 aksidan ki gen 81 moun ki viktim ladan yo 9 moun mouri ak 72 blese, selon deklarasyon konsiltan òganizasyon  » Stop Accident  » doktè Ganel Michel ki presize nan 9 moun ki mouri yo gen 5 fanm ladan yo .

Toujou daprè òganizasyon  » Stop Accident » gen 5 nan 27 aksidan sa se machin ki chavire, pandan responsab yo presize aksidan sa yo fèt nan komin Aken, komin Gwo mòn ak zòn Montay nwa nan komin petyon vil , akachon 32 nan komin kafou se kèk pami zòn aksidan yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …