AYITI / POLITIK : PHTK, ALYE AK MANM NAN OPOZISYON AN DI YO PA DAKÒ AK REFERANDÒM LAN

Kòdonatè pati Ayisyen tèt kale a (PHTK) Line Baltazar, fè konnen pati li ap dirije a pap rantre nan pwojè referandòm prezidan Jovenel Moïse la .

Men, pito chache jwenn yon ladrès pou kapab reyalize eleksyon nan peyi a, chèf PHTK montre dezakò li paske chanje konstitisyon an pa vini fèt nan moman kote peyi a nan mitan kriz ekonomik, sosyal ak politik.

Ansyen depite senkantyèm (50) lejislati komin Kenskòf epi manm pati politik (KID) ki se alye PHTK Alfredo Antoine, kwè kòdonatè PHTK Line Baltazar rejwenn pozisyon pati KID la.

Selon ansyen palmantè a, prezidan Jovenel Moïse ak tout manm gouvènman li an pa nan bon moman pou kapab fè referandòm lan san pagen okenn antant .

Sou bò pa li, Kòdonatè pati politik gran rasanbleman evolisyon Ayiti a( GREH) Ansyen Kolonèl Himler Rebu, kwè se kòrèk pozisyon PHTK epi montre dezakò li tou lè pati ayisyen tèt kale a swete pou gen eleksyon nan peyi Dayiti avan ane a fini.

 » mwen pa dakò sou pwen sa ak Line Baltazar, kòman eleksyon pral fè fèt ak yon prezidan manda fini? Pèson nan aktè yo deja di yo pa nan chita ak prezidan jovenel Moïse « , Deklarasyon ansyen kolonèl Himler Rebu .

N ap raple, nan yon nòt Lig altènativ pou pwogrè ak emasipasyon ayisyèn ( LAPEH), te di yo pa dakò ak referandòm lan epi raple chèf leta zòrèy li pa dwe pi long pase tèt li .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …