JERRY TARDIEU FIKSE POZISYON LI SOU REFERANDÒM NAN AK ANSANM KRIZ K AP BWASE BIL PEYI A.*

Ansyen depite Petyonvil la, Jerry Tardieu, nan yon pwen près li bay jounen Jedi 22 avril 2021 an  fikse pozisyon li sou ranferandòm nan ak ansanm kriz k ap brase pil peyi a.

Lidè pati politik mouvman « an avan » an, Jerry Tardieu fè konnen pwosesis nouvo konstitisyon Jovenel Moïse la pa patisipatif, li pa enklizif, li ilegal, li ilejitim, li pa konstitisyonèl.  »

« Jovenel Moïse chwazi pou kont li senk (5 ) zanmi pouki travay sou pwojè avan konstitisyon an. Yo pa reprezante sektè vi nasyonal la », daprè deklarasyon  Jerry Tardieu.

Ansyen palmantè a yon lòt kote, kritike sa ki anndan nouvo konstitisyon Jovenel Moïse la. « Yo ap bann nou yon sistèm ki pral bann nou yon prezidan wa ki gen tout pouvwa, avèk jidisyè ak lejislatif kòm restavèk, p ap gen redisyon kont, yo p ap gen pou yo rann kont ak konstitisyon sa » , daprè analiz Jerry Tardieu sou konstitisyon Jovenel Moïse la.

Alòske, daprè ansyen palmantè a sou koze « rann kont lan », se youn nan bagay ki entèrese sosyete a anpil. « Nou bezwen konnen kisa yo fè ak lajan Leta », deklarasyon Jerry Tardieu.

Parapò ak ansanm kriz k ap bwase bil peyi a, ansyen depite a pa mete dlo nan bouch li pou li denonse jan peyi a vin ye a.  » Nan lane 2017 lè Jovenel Moïse prete sèman an, gen pakèt enstitisyon ki te fonksyonèl e legal tankou palman an, kou kasasyon, CSPJ, lapolis,  » raple mesye Tardieu.

« Gang pran peyi a, kolektivite yo kraze, lajistis kraze, sektè prive a fè fayit, chomaj ak ensekirite toupatou », se konsta sa Jerry Tardieu fè sou sityasyon malouk peyi a ap konnen dènye tan sa yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …