AYITI/ POLITIK : INYON EWOPEYÈN PRAN DISTANS LI AK REFERANDÒM LAN

Inyon ewopeyèn ( UE) pran distans li ak referandòm prezidan repiblik la Jovenel Moïse vle reyalize 27 jen k ap vini la, selon ( UE) pwojè referandòm lan pa dwe fèt an zanmitay ak yon klas se pou tout moun ladan li pèmèt li fè deba nan sosyete a .

Selon reprezantan zafè etranjè ak politik sekirite Inyon Ewopeyèn lan, Jozèf Borrell, ki fè konnen majorite ayisyen mande yon refòm konstitisyon an ki pa adapte ak sitiyasyon epi reyalite peyi, men nan moman gen yon vid enstitisyonèl yon pwojè konsa ta dwe mete tout moun ladan li ak fè gwo deba nan sosyete sivil peyi Dayiti a .

Mouche Jozèf Borrell, di (UE) enkyete pou sitiyasyon sosyal, politik , ekonomik ak zak vyolans nan peyi a.

Li presize inyon Ewopeyèn toujou kenbe yon dyalòg sere ak gouvènman ayisyen an sou sitiyasyon dwa moun nan peyi a epi montre nesesite pou fè yon refòm sosyal, ekonomik ak yon bon baz elektoral .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …