AYITI / ENSEKIRITE : WOUT NASYONAL # 2 A, BLOKE DEPI YÈSWA NAN DIVÈS LOKALITE NAN KOMIN TIGWAV .

Wout nasyonal nimewo 2 a, rete bloke depi ayèswa nan lokalite kafou koray, premye plèn, dezyèm plèn ak Lamadlèn ki nan dezyèm seksyon komin Tigwav pou kontinye egzije liberasyon kòdonatè kazèk dezyèm seksyon komin sa, Wilkens Dicette nèg ak zam kidnape ayè dimanch lan nan komin Delma pandan li t ap sot fè zong li nan yon estidyo.

Sitiyasyon sa ki gen gwo konsekans sou moun ki te ap fè vwayaj sou wout la daprè esplikasyon kèk pasajè, ki fè konnen depi ayè swa yo te nan wout pou rantre nan kapital la pòtoprens men yo oblije rete sou wout la akoz zòn sa yo ki deja bloke.  » se vre rete bloke a pa bon pou nou men, se pou yon bon bagay paske kesyon kidnapin lan rive twò lwen nèg yo se bandi yo bay fè lwa nan peyi a » se sa pasajè sa yo di toujou .

N ap siyale , lè wout nasyonal nimewo 2 a bloke nan zòn sa yo, se depatman nip Sid, Grandans, Nip ak yon pati nan depatman Sidès ki bloke.

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …